Nou ofri klas yo pandan tout ane. Nou ofri klas ESOL sou entènèt tou.
Nan pi fò lekòl yo, elèv yo ka kòmanse klas nimpòt lè yo pare. Nou ankouraje w al nan klas regilyèman pou ka aprann lang Anglè a pi vit.
Elèv ESOL Pou Granmoun yo dwe omwen gen 16 zan e yo dwe retire yo ofisyèlman nan pwogram lekòl K-12 (klas matènèl a lekol segondè) avan pou yo enskri avek nou. Elèv k ap aprann lang Anglè a dwe pale yon lòt lang.
FRÈ: $30 chak tèm
Ou ka kalifye pou pa peye frè lekòl la. Klike la pou ka wè si ou kalifye.
KOUMAN POU ENSKRI POU KLAS ESOL:
Enskripsyon dwe fèt an pèsòn nan youn nan lokal lekòl nou yo.
• Enskri an pèson, peye ekolaj la (lajan Cash oswa chèk) e pran yon tès evalyasyon ki rele CASAS pou nou ka detèmine nivo w nan Anglè. Klike isit la/Klike sou mwen pou plis enfòmasyon sou tès sa a.
Gen sèvis sipò ki disponib pou elèv ki enskri nan ESOL yo tèlke:
Akomodasyon pou elèv ki andikapé / Accommodations for Students with Disabilities